Nou Pa Bezwen Prezidan Pou Nou Ede Poem by Hebert Logerie

Nou Pa Bezwen Prezidan Pou Nou Ede

Nou pa bezwen prezidan pou nou ede
Nou pa bezwen prezidan pou nou sove
Peyi Dayiti kap travèse yon move moman
Nou pa bezwen gen kle kès leta a, tout lajan
Peyi Dayiti pou nou ka chanje move kondisyon
Ki egziste nan ti peyi sila, nan ti nasyon
Kote tout moun ap volè, tout moun ap piye
Nou bezwen chanje de latèt la jiska nan pye
Peyi Dayiti pa pou okenn fanmiy, okenn rwa
Okenn prezidan, senatè ak depite. Pouvwa
Pouvwa se nan men pèp la ke li ye. Ti pèp la
Prè boul goumen pou sove ti rès ki rete a
Ti rès ke anpil gwo zwazo, ansyen tig
Pitit chat, pitit kochon, pitit lyon, pitit tig
Pitit pitit tig, pitit leopa ap goumen pou li a
Ayiti se pou tout Ayisyen, nou gen menm dwa
Nou pa bezwen prezidan pou nou ede Ayiti
Nou pa bezwen sou pouvwa pou nou ka fè
Yon bon bagay pou ti pèp kap viv mal e kap mouri
Grangou kòm yon dezè ki sèk ki pa wè nibwè
Dlo depi byen lontan
Nou pa bezwen poun prezidan
Anpil moun gen foli dirije
E pi yo pa konn jebede
Yo sott pase panyen pèsi
Yap volè e piye peyi Dayiti
E pi yo vle gouvène e dirije
Yo vle chef san yo pa kalifye
Nou ka ede e sove peyi Dayiti
San nou pa chita sou chèz la poun ka volè losti.

Copyright © Jiyè 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri anpil liv pwezi.


We Do not Need to Be President to Help

We do not need to be president to help
We do not need to be president to save
Haiti, who's experiencing a terrible moment
We do not need to seize the state coffer, all the money
In order to change the extreme abject conditions
Which exist in our tiny country, in our small nation
Where the elected officials are plotting, stealing and robbing
We need to overhaul the system from top to bottom
Haiti belongs to no one family, no king, no emperor
No president, senator or deputy. Haiti belongs to the People.
The real power is in the hands of the People. The little People
Are ready to fight to save the skeleton, the remains of Haiti
The rest that the hungry gluttons, the wild eagles, the old tigers
The vicious cats, the greedy pigs, the kins of the wild grimalkins
And the egregious leopards' second generations are fighting for
Haiti is for all Haitians. All Haitians have the same rights
We do not need to be president to help Haiti
We do not need to kidnap the power to do
Good deeds for our brothers and sisters, who are dying
Of hunger, and who are as thirsty as a dry desert that has not seen
Potable water for a long ago time
We do not need to be president to save the country
It's insane that countless crazy people are dying to lead
Even though they lack the education and the experience
To be effective, efficient and conscientious leaders
As dumb as zombies, when in power, they rob and steal
In plain sight.They obviously falter; they're not qualified to govern
They want to be called chefs, but they cannot fry an egg
We can help and save Haiti, our homeland
Without sitting on the high chair like stupid monkeys.

Copyright © July 2018, Hébert Logerie, All Rights Reserved
Hébert Logerie is the author of many poetry books.

Thursday, July 26, 2018
Topic(s) of this poem: country
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success