Fanm, Ou Marye Kounye A Poem by Hebert Logerie

Fanm, Ou Marye Kounye A

Fanm, kounye a ou genyen yon mari
Mwen konseye ou rete avèk li.

Fanm, mwen pa vle sòti ak ou ankò
Mwen pa vle tonbe nan yon vye lagè
Li pa twò bonè pou nou fèmen bouch nou
Li pa twò tapou yon moun fè byen
Madanm, mwen pa vle wè ou ankò
Mwen pap la ni twò bonè ni twò ta.

Madanm, kounye a ou genyen yon mari
Mwen konseye ou rete avèk li.

Pèfid, kounye a ou marye
Kite mwen fout jwi lavim
Mwen pa vle pouswiv okenn avanti
Map travay pou yon pi bon avni
Se pa paske mwen pa renmen ou ankò
Ou marye, nou an fas yon nouvo sitiyasyon.

Madanm, kounye a ou genyen yon mari
Mwen konseye ou rete avèk li.

Madanm, pou bon tan ou move tan
Ou marye ak yon nonm pou tout tan
Mwen pa vle renmen ni fè lanmou ak ou
Mwen kenbe distans mwen lwen de tout ti souri
Mwen absan de tout move avanti komik e initil
Ou marye, tout lyen kite egziste antre nou pa itil.

Fanm, kounye a ou genyen yon mari
Mwen konseye ou rete avèk li.

Copyright © fevriye 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè plizyè koleksyon powèm.

This is a translation of the poem Femme, Tu Es Maintenant Mariée by Hebert Logerie
Tuesday, February 11, 2020
Topic(s) of this poem: love,love and life,marriage
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success