Pa Gen Oken Peyi Ki Pòv Poem by Hebert Logerie

Pa Gen Oken Peyi Ki Pòv

Pa gen oken peyi ki pòv
Gen twòp fo lidè ki gen lespri pòv
Ki gen move lespri ki bloke tout pòt douvan
Oswa ki gouvène kwè move chat maron
Oswa ki gen sèvo fomi, yon ti sèvo
Yo pa janm dirije anyen anvan, toudenkou
Yo vin kandida pou la prezidans
Nan yon peyi kote pifò moun nan rans
Yo pa anfòm, yo pa kapab distenge le pase ak lavni
Bilten vòt yo ak bal fizi, vye eskiz ak gran defi
Li enteresan pou panse a yo, jis pou yon bon plezi.

Gen twòp prezidan ki sòtt ak estipid
Okenn moun pa dwe vote pou Kipidon Zonzon
Paske li pa gen sèvo ase, sèvo li vid
Misye pa ka fonksyone kòm yon chirijyen
Si ou se yon bòs chapant, bati kèk kabinèt
Si ou se yon chantè, al pran plezi ou ak kèk maryonèt
Si ou se yon bon politisyen patriyotik, ou ka kouri pou prezidan
Pou ou ka sispann koripsyon, vòl e fèmen djòl vakabon
Kap jaze maten kòm lannwit, tankou yon atis ki pèdi tèt li
Pa gen peyi ki pòv
Nou bezwen yon lidè konpetan ki ka amelyore lavi tout sitwayen.

Copyright © Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè plizyè koleksyon powèm.

This is a translation of the poem No Country Is Poor by Hebert Logerie
Wednesday, March 20, 2019
Topic(s) of this poem: corruption,politics
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success