Nan Yon Nan Bèl Jou Kap Vini An Nou Prale Poem by Hebert Logerie

Nan Yon Nan Bèl Jou Kap Vini An Nou Prale

Nan yon nan bèl jou kap vini an, nou prale
San di yon mo, san mès e san jès, nan peyi lòt bò
Nan yon direksyon ki enkoni e ki gen sekirite
Nan direksyon yon wazi, yon azilki gen anpil dlo
Nou pap wè, ni tande, je fèmen, kole e kirye
Nan youn nan bèl jou kap vini an, nap byen repoze.

Ou menm ak mwen menm ap pati yon bon jou
Pou etelman nou ka al viv nan lanmou
Kote ap gen yon sèl gwo tonton direktè
Yon gwo lidè, yon sèl gran pwotèktè
Nou pral pati toutouni tankou yon bon zanj
Nan direksyon yon bèl peyi ki chaje ak ti mezanj.

Nou pral kite tout moun e toutbagay dèyè
Nou pral travèse yon gwo pòt, yon baryè an fè
Nou pral wè e tande tout bagay san yon moun pa di
Yon mo, san pa gen eko yon onomatope, san yon ti bri
Lè ke bèl jou sa rive nou pral vole san zèl
Nan direksyon yon peyi ki pafè, bèl eki etènèl.

Copyright © Out 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

This is a translation of the poem Un De Ces Beaux Jours On Partira by Hebert Logerie
Monday, August 17, 2020
Topic(s) of this poem: adieu,death,goodbye,voyage
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success