Moun Ki Fèt Pou Nan Prizon Poem by Hebert Logerie

Moun Ki Fèt Pou Nan Prizon

Ki kalite jistis ke sa ye?
Moun ki fèt pou nan prizon
Pa la. Par yon gwo vwal
Yo pwoteje tankou yon gwo chat
Yo antoure par dè zam lou
Par dè sòlda ki grangou anpil
Anpil vakavon ap jemi nan lanfè
Se la ke yo fèt pou yo ye
Yo ap peye pou sa yo te fè ki mal
Sou latè, gwo chèf pa al nan prizon
Se asistan ak ti makout kap peye
Sa a se yon gwo enjistis. Sa a pa bèl
Ki kalite jistis ke sa ye?
Gwo chat pa dòmi sou natt pinèz.

Copyright © Fevriye 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv de powèm.

This is a translation of the poem People Who Belong In Jail by Hebert Logerie
Tuesday, February 26, 2019
Topic(s) of this poem: prison
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success