Lanmou Toutouni Poem by Fortestson Lokandya Fenelon

Lanmou Toutouni

Lakansyėl pote koulė'l sou figi'w
ou klere chak koridò ekzistans lavi
Dėyė chak jės ou akonpli
lanati pouse zėl
Lė'w souri
potre'w sevi tablo pou dekore syėl
tout mak bouch ou repose nan tan an
Chak mwen gade'w cheri
solėy la boujonnen sou vigi'w
fa sou bouch ou bay planėt yo koulė
Sant kow se pafin ki dezentokzike latė
Cheri bonnanj mwen pa janm kite kòm
mwen fėt tou doubout
men chak ou pike douvan'm
tėt mwen kouri pran lari
nan founi je gade
akroupi'w kap pipi
lavi bati plan'l nan rasin cheve'w
Mwen pa prale
san'm pa di'w cheri
ke'w ap bat nan powėm sa
Mwen gade'w kap defile
nan yon ròb denwi san tėt
lanmou'm pran kouri toutouni

Friday, January 17, 2020
Topic(s) of this poem: love and dreams
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success