Boul Diaman: Poem by Dieury Dumas

Boul Diaman:

Tèt chaje! Fanm d'Ayiti
Se pa kounieya w' ap ranpli
Nanm ak tout lespri
Nèg tè d' Ayiti
Tankou tout gason sou latè beni.

Gason mèt sote ponpe
Ou dous
Gason mèt babye
Ou bèl
Gason mèt rantre nan pè
Ou sèl, ki ka kalme nè
Gason mèt rele ponpye
Ou sèl, ki ka pase swafe.

Lè ou vle ou fè nou depale
Lè ou vle ou fè nou rele
Lè ou vle ou fè nou mache s s
Lè ou vle ou fè li kanpe kou s.

Ou klere kou diaman
Gade w' nan tèt
Jouk rive nan pye
Chak fwa je nou tonbe
Sou ou, se tankou
Se limiye ki espanta
Sou diaman.

Boul je nou kale
E rete tou limen
Anvi nou pran monte
Siperyè nou ret kanpe.

Se vre ou gen anpil kè
Se vre ou sipòte tout malè
Se sa ki ba ou valè, valè
Boul diaman.

COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success