Un Powèm Dous Nan Kè Mwen Poem by Hebert Logerie

Hebert Logerie

Hebert Logerie

Haiti
follow poet
Hebert Logerie
follow poet

Un Powèm Dous Nan Kè Mwen

Mwen dekouvri yon powèm ki fèm tranble, se pou ou
Wi, se de ou, doudou. Powèm sa sanble ak ou
Mwen te ekril maten an, anvan lonbraj la roze te vini
Pawòl li yo te sakajem pandan lontan, avan anpil rekolt mayi.

Pa chans, mwen finalman reyalize ke powèm saa se ou an pèson
Li viv anba lakay, li souri anba reyon solèy e anba klète lalin
Li respire epi li manje tankou ou, nan goudougoudou, tout la jounen
Powèm sa a fèm fremi, enspirem e entoksikem, ti zanmi mwen.

Nan kèm gen yon powèm dous ke mwen pap janm bliye
Yon powèm ki bam plezi tankou yon solèy ki kouche nan lò sou la tè
Tankou flè tilip an prentan: powèm ki gen lanmou, pasyon ak lapè.

Nan powèm sa, mwen te vle eksplike sam gen nan fon pansem
Lanmou kem santi pou ou, lanmou ki ba mwen anpil jwa e bonte
Ak yon santiman ki fò, pwisan e jèn e ki klere chemen tout siksèm.

Copyright ©Avril 2013, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

Un Powèm Dous Nan Kè Mwen
This is a translation of the poem A Sweet Poem In My Heart by Hebert Logerie
Monday, January 15, 2024
Topic(s) of this poem: poem,poetry,love,passion ,valentines day,inner peace,heart
COMMENTS OF THE POEM
Be the first one to comment on this poem!
Hebert Logerie

Hebert Logerie

Haiti
follow poet
Hebert Logerie
follow poet
Close
Error Success