Plis Koulè Nan Lakansyèl La Poem by Hebert Logerie

Hebert Logerie

Hebert Logerie

Haiti
follow poet
Hebert Logerie
follow poet

Plis Koulè Nan Lakansyèl La

Lakansyèl la ap amelyore
Chak fwa ke nou ajoute plis koulè
Pou yon avni ki gen plis rèv ak prosperite
Chak fwa nou gen ladan li plis frè
E a chak sezon sa a, plis sè.

Nou gen tout rezon imajinab
Pou kreye yon pi bon anviwònman
Pou lemond antye ka temwen
Plis espwa pi bon pase mwens
Anba vout syèl sa ki toujou ap chanje.

Lakansyèl la ap pi bèl
Lè gen jistis ak respè
Lè mond lan fè bèl bagay
Lè tout nasyon yo nan lapè
Lè nou itilize tout modèlki disponib.

Lakansyèlla ap amelyore
Chak fwa ke nou ajoute plis gou
Kote manman lanati pi ere nan lanmou
Kòm nou ajoute plis koulè
Pou kreye yon mondki pi an sekirite.

Copyright © Oktòb 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

This is a translation of the poem More Colors To The Rainbow by Hebert Logerie
Friday, October 16, 2020
Topic(s) of this poem: colors,rainbow
COMMENTS OF THE POEM
Be the first one to comment on this poem!
Hebert Logerie

Hebert Logerie

Haiti
follow poet
Hebert Logerie
follow poet
Close
Error Success