Saint Valentin: Nap Fete Lanmou An Kreyol Poem by Hebert Logerie

Saint Valentin: Nap Fete Lanmou An Kreyol



Jodi a se fèt Sin Valantin, fèt Lanmou
La pè, linyon ak rekonsilyasyon
Nap pran plezi nou an kreyol, Ti Toutou
Nap fè lanmou avèk pasyon
Tout la jounin, tout lan nwit
Nou pap fè anyin two prese, ni two vit
Wap pase min nan tèt kale mwen an
Map bay plis karès ke mwen te kon bay avan
Nap chita, nap pale, nap ri ansam
Map blye, e mwen pap pale de lot fanm
Nap manje ansam, nou pral nan sinema,
Map rele w ti manmanm, w ap rele mwen papa,
Papito, Ti Cheri, nap bwè ti di vin nou
Nap fete Sin Valantin, ki se fèt lanmou
Nap prye tou pou tout moun ki tris
Tout moun ki pa gin la pè, nap bwè ti te melis
Nap fè lanmou tout tan, tout lan nwit
Nou ap karese lanteman, anyin pap fèt vit
Nap fete pou nou pa janm gin violans antre nou
Nap fè bèl bagay, bon bagay, nap fete lanmou
Li fè frèt dèyo an, min nan kè nou li fè san degre
Nap binyin nan chalè, nan lanmou tout la joune
Tout lan nwit, nap fete Sin Valantin,
Nap ri, nap bay kares, nou pap fè tintin
Nap fete konsa, konsa pou jiske nou mouri
Mwen ba ou bon ti chokola, mwen ba w anpil flè
Nap pataje anpil lanmou, nou rinmin pou la vi
Nap bwè ansanm, nou ap viv, nap vin nan la pè
Nan lanmou pou tout tan, pou jiskan nou rantre anba tè.

COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success