An Nou Tout Klere Poem by MarieLove Brevil

An Nou Tout Klere

Wololoy! What am I to do? What am I to say?
Men yo vle di m ke peyi m nan pa bon tout bon vre

Domaj pou yo, sa w pa konnen pi gran pase w
Alò jodi ya, de peyi m, kite m pale w
Wipip! Sonje plato bisuyit 4 pou 15 ak zaboka
Manman! Ann al pi lwen ann pale de 10 kòb bega

Remember the days where children respected parents and elders
The days we had true love and there were true lovers

Kounye a nou tounen oun pil touris rezidan, dyaspora
Lè n pase lakay se angle, panyòl, nou tou bliye Kreyòl la
Lang kite kreye anba kout frèt, gwo bout kokomakak
Kote n te konn chita anba jasmen de nuyit ap pase devinèt krik! Krak!

Tonight I want to be that star, that light! L’étoile qui brille
L’étoile de David! L’étoile de l’espoir! Celle qui s’intille

Nou refize mouri britsoukou nan fè nwa kòmsi n pat ekziste
Ni n pa bezwen libéte malatchyoung, ekpedisyon mò pouse
Pil filozòf rate, oun sèl koze “je demande la parole”
Ki gen foli chèf, ap jwe sèn san yo pa gen okenn wòl

Haiti the 1st Black nation that dared to be independent
Over 200 years ago. So don’t you say (that) today again we can’t?

song - Se pou nou youn ak lòt rete soude
Si se pa sa nou tout pral oblije chante

Ayiti o wale, kilè wa vini wè m ankò wale (2)
Kiskeya o wale, kilè wa vini wè m ankò wale (2)
Teren an chanje, kilè wa vini wè m ankò (2)
Zile chanje, kilè wa vini wè m ankò (2)
Wale….

Alò jodi ya, ann kanpe ansanm pou n fè oun sèl pou levangjil la mache
Levanjil lanmou, respè, verite, jistis, wi renmen melanje ak anpil inite
An nou tout klere tankou oun ti lamp tèt gridad nan kay antè sou tèt mòn
Ann ret soude pou remò pa mare n, car aujoud’hui est l’heure la cloche sonne.

Nou Vle (fredone with crowd) Song By Ansy Derose.

© MarieLove

Marie S. Brévil
06/20/07

Book page: www.xlibris.com/ITSMYSTORY.html
Author page: www.xlibris.com/MarieLove.html
chk my web site www.marielovebooks.com

COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success